Tik Tak

Tik tak tik tak

Konsa zegwi

Zegwi zuit

T ap kònen

Tòke tande m

Nou kwaze

Nan kèk segonn

Yon pil bagay pase

Pipirit chante

Zirondel vole

Latè tranble

Lapli tonbe



Solèy leve

Boum tak boum tak

Konsa kè m

Kè san kè

T ap frape

Mande sòti

Tou piti

Piti piti

Anlè vin anba

Anba pase anlè

Britsoukou

Pa gen nawè



Sèl

Limyè je pa w

Ak bouch pa w

Kontinye klere

Sanzatann

Pa gen tande

Men

Bèl melodi

2 Kè chante

Koupe silans

Pale pale

Nou pa t bezwen



Lespri nou ploge

Nou te konprann

Tan te long

Pou nou

Men

Malerezman

Sa pa t dire vre

Sa pa janm dire

Ou di bonswa

Mwen reponn

Nou pase wout nou.

Lola

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Panier