Lari a

Kote tout moun pase

Kote m viv

Kote kanaval danse

Kote m jwe

Kote moun achte aleken

Kote m manje



Pa gen tòl

Pa gen dal

M ap dòmi

M ap konte zetwal

Seren pa fè m anyen

Chak swa m pran l

Si lapli ap tonbe

M al pare l anba lamye



La m fè zanmi

La m fè lènmi

Lènmi m pa konnen

Lènmi ki pa konnen m

Pou m viv?

Mande, mande, siye.

Baton pou granmesi

Nan men enkoni.



Lari a

Salon pèp la

Lakay mwen

Kote moun pase

Kote m leve.

Lola

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Panier