Foli

M konprann moun

Ki pèdi tèt yo

Ki tande vwa, ki wè

M konprann moun

Ki pèdi larezon

Paske nan yon segonn

Tout bagay detwi

Fini, Kraze, tonbe



M konprann moun ki vag

Sou jwenn lanmou

Nan jwèt san sa

M konprann sa ki chanje

Fè kè di

Voye emosyon jete

M konprann sila yo

Ki pa wè sans lavi

Ki pa wè sa yo vo



M konprann moun

Ki santi yo koupab

Ki santi yo trayi, bouke

Bouke bon pami pa bon

Bouke espere nan dezespwa

Bouke chèche nan dezòd

M konprann yo

Defile, m konprann ou.

Lola

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Panier