Lapli Tonbe

Tout rèv mwen se pou lapli tonbe aswè a

Pou dlo nan je m pa deranje yo

Pou fristrasyon m pa soule yo

Mwen anvi lapli tonbe

Pou raj mwen pase ak li

Rèl mwen ta va sanble loray

Pou laperèz mwen pase pou lakrent syèl lan k ap gwonde



M anvi dlo desann

Letan mèt anvayi m

Pou pote dèy mwen ak tristès mwen ale

Desann desann

Kontre lanmè

Vag sila ki lajè syèl lan

Kote chagren sanble pa gen fen

Kote chagren pase pou pi bèl mèvey sou latè

Tafida

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Panier