Fè m anvi

Ou fè m anvi rele

anvi kraze, anvi brize

Ou se yon danje pou mwen poutan kote w mwen anvi rete

Chak lè m elwaye m gen yon leman ki toujou mennen m tounen

Ou atire m tankou myèl rale mouch

Menm si w pa bon pou mwen kote w mwen santi m byen



Mwen vle makonnen avè w fè yon sèl

Ou tankou rasin ki kenbe m

Si yo koupe w dlo va nenyen m mennen m ale

Ou pa bon pou mwen men nanm mwen, kè m, tèt mwen se ou yo tout vle.

Tafida

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Panier