Li Two Ta

Tankou yon kout zèklè

Lanmou m pou ou disparèt

 Avan kòk te chante

Tout sa m te santi te ale

Lè m te vle

Ou t ap ezite

Men kounye a w ap damou

Pandan m gentan bliye ou

Pou mwen w te tou

Men nou te kwaze move jou



Lavalas pote lanmou n ale

Nan yon mond ki pa menm egziste

Poutan, ou se tout sa m te vle

Men, ou pa t janm te wè l konsa

Kounye a li twò ta

Lanmou m pou ou miwo miba!

Lipa

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Panier