Nou Te Ase

Mwen te pèdi dezespere nan mond tèt vire sa

Mwen pa t konn moun moun pa t konnen m

Yo evite m mwen evite yo tou

Men nan chache,

Devye

Vire pasi vire pala

Mwen jwenn ou

Depi lè an mwen te konplè

Mond lan te kòmanse vire



Ou te ase

Nou te ase

Solèy lan te klere malgre gwo loraj

Dlo larivyè ki t ap desann te tounen melodi

Move jou pa t atriste m ankò paske

Ou te ase

Nou te ase

Tafida

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Panier