Pito Se Te Mwen

M pa konn si m anvi viv ankò

M pa santi m ap viv ankò

Zantray mwen ap dechire

E m chaje ak remò

Se fòt mwen si l mouri,

M te di l pa sòti

Se fòt mwen si l ale

M pèdi sèl grenn pitit mwen te genyen an

Sèl grenn pitit mwen bay tout vi m, tout nanm mwen an

M ta pito e mwen ki mouri nan plas li.



Pito se te mwen,

Pito se te mwen.

Se sa ki refren m chak maten lè m leve

Tout fòs mwen, tout kouraj mwen ale avèl.

Tout kè kontan m, tout nanm mwen ale avèl.



M pèdi anvi viv, anvi menm respire.

M pèdi kè m, m pèdi oksijèn mwen.

Si lanmò ta dakò pou l pran lavi pa m pou l tounen, m ap fèl.

M pa santi m menm gen dwa pou m viv ankò.

Pito se te mwen

Bee

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Panier