Foli Damou

Si chak batman kè m

Te ka pale

Non w se sèl pawòl

Yo t ap site

Si yon jou

M ta gen pou m fou

Sèl foli m ap genyen

Se foli damou pou ou

Si mond lan ta gen pou l efase

Dènye son m ta vle koute

Se vwa w, pou m sa kenbe l

Nan lespri m pou letènite!

Lipa

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Panier