Evolisyon nan Kilti’n

Ann fè yon ti refleksyon tou kout…

Avan yè swa mwen te kouche , m te ap bay de twa ti zen ak manmi.

Yon lòt moman, li te tonbe pale de kijan jèn fi y oye nan jenerasyon pa m nan.

Kòm se yon diskou ki toujou ap retounen a chak fwa mwen pa t bay sa enpòtans.

Epi yon lòt moman li gade m, li di m :

« ou menm tou, kòmanse pa ranje kò w pou lè ou pral marye, lè nèg ou ap vin chèche w nan kay la. »

M gade manmi, m sekwe tèt mwen, m lage yon soupi, mwen pa reponn, mwen jis kite l ap pale …

Mwen vle nou mete atansyon nou sou yon sèl bagay.



Pouki se yon gason ki pou vin pran m kay paran m ?

Pouki mwen paka deside yon jou, lè m pare, lè m ka jere tèt mwen poukò m pou m kite kay la ?

Lè konsa, yo montre m ke lekòl yo te voye m lan été yon tan pèdi.

Manti mwen fè ?

Si ou depanse kòb pou edikasyon m, ou banm valè, ou banm lanmou, ou montre m jere,

Poukisa mwen paka al eseye viv poukò m avan ?



Mwen konsyan epa tout paran ki konsa e ke repons tout kesyon sa yo ap vin mennen nou nan koze kilti ak tradisyon.

Men kèk fwa, m konn ap mande tèt mwen poukisa pa gen yon ti evolisyon tou piti nan kilti pa nou

Sou sijè fanm yo esesyalman.

CHOUCKET

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Panier