Nan kè sote
Nan kache
Ak kò m, vinn ekri kèk ti pwezi
Chak ti bri nou mèt pantan
M pa p dakò ni pou w kanpe ni pou w ban m tan
Se konsa m ap vle l, vip vip
M vle santi kè m ap eksploze, bip bip
Pou chak kout gouyad, yon rèl
Gwo kout ren, m pap pè l
M pap vle w ni janti ni dou
Ou mèt pran m tankou moun fou
Dife sa ki nan fant jan m mwen an
E pa vle m vle w apeze l
M ap tann pou ogmante l,
pa kite l tenyen
Kite l konsime nou tou de
Bee
]]>Aswè a, m vle rele koumanman!
Fòk ou manje m
Kòmsi lavi w te depann de sa
Fòk ou al eksplore
Kote w pa t rive deja
Chak ti kwen,
Chak ti santimèt
Dwe jwenn pa yo aswè a
Men,
Ou dwe ale dousman
Kenbe m kòmsi m te yon ze fele
Pran tan w
Gouye an silans
Rantre ti pa ti pa
Pa neglije bo m
Soti nan cheve rive nan zòtèy
Gade m nan je
Fè m santi kouran an travèse
Aswè a, fè m savoure w yon lòt jan !
Bee
]]>Se konsa lòt la te kite m
Tankou yon san fanmi
Li te lage m pou m te depafini
Britsoukou li rive bò kote m
Panse e te pou pran swen m
Men yon aprè midi, yon jou jedi
Li rale m, li bo m, li mete m sou sa
Sou kabann, anba dra
Nou t ap fè ti jwèt swa
Sa pa t fè m mal
Paske mwen potko pare pou plis ke sa
Li te kwoke m ak tout fòs
Pou li te konyen m san gras
Mwen te vle li ban m tout
Men domaj, li te pran m pou ti lèzanj
Malgre sa
Je nan je
Nou te vinn rive nan ti paradi nou
CHOUCKET
]]>