anvi kraze, anvi brize
Ou se yon danje pou mwen poutan kote w mwen anvi rete
Chak lè m elwaye m gen yon leman ki toujou mennen m tounen
Ou atire m tankou myèl rale mouch
Menm si w pa bon pou mwen kote w mwen santi m byen
Mwen vle makonnen avè w fè yon sèl
Ou tankou rasin ki kenbe m
Si yo koupe w dlo va nenyen m mennen m ale
Ou pa bon pou mwen men nanm mwen, kè m, tèt mwen se ou yo tout vle.
Tafida
]]>Nan kè sote
Nan kache
Ak kò m, vinn ekri kèk ti pwezi
Chak ti bri nou mèt pantan
M pa p dakò ni pou w kanpe ni pou w ban m tan
Se konsa m ap vle l, vip vip
M vle santi kè m ap eksploze, bip bip
Pou chak kout gouyad, yon rèl
Gwo kout ren, m pap pè l
M pap vle w ni janti ni dou
Ou mèt pran m tankou moun fou
Dife sa ki nan fant jan m mwen an
E pa vle m vle w apeze l
M ap tann pou ogmante l,
pa kite l tenyen
Kite l konsime nou tou de
Bee
]]>Aswè a, m vle rele koumanman!
Fòk ou manje m
Kòmsi lavi w te depann de sa
Fòk ou al eksplore
Kote w pa t rive deja
Chak ti kwen,
Chak ti santimèt
Dwe jwenn pa yo aswè a
Men,
Ou dwe ale dousman
Kenbe m kòmsi m te yon ze fele
Pran tan w
Gouye an silans
Rantre ti pa ti pa
Pa neglije bo m
Soti nan cheve rive nan zòtèy
Gade m nan je
Fè m santi kouran an travèse
Aswè a, fè m savoure w yon lòt jan !
Bee
]]>