Konsa zegwi
Zegwi zuit
T ap kònen
Tòke tande m
Nou kwaze
Nan kèk segonn
Yon pil bagay pase
Pipirit chante
Zirondel vole
Latè tranble
Lapli tonbe
Solèy leve
Boum tak boum tak
Konsa kè m
Kè san kè
T ap frape
Mande sòti
Tou piti
Piti piti
Anlè vin anba
Anba pase anlè
Britsoukou
Pa gen nawè
Sèl
Limyè je pa w
Ak bouch pa w
Kontinye klere
Sanzatann
Pa gen tande
Men
Bèl melodi
2 Kè chante
Koupe silans
Pale pale
Nou pa t bezwen
Lespri nou ploge
Nou te konprann
Tan te long
Pou nou
Men
Malerezman
Sa pa t dire vre
Sa pa janm dire
Ou di bonswa
Mwen reponn
Nou pase wout nou.
Lola
]]>Ki pèdi tèt yo
Ki tande vwa, ki wè
M konprann moun
Ki pèdi larezon
Paske nan yon segonn
Tout bagay detwi
Fini, Kraze, tonbe
M konprann moun ki vag
Sou jwenn lanmou
Nan jwèt san sa
M konprann sa ki chanje
Fè kè di
Voye emosyon jete
M konprann sila yo
Ki pa wè sans lavi
Ki pa wè sa yo vo
M konprann moun
Ki santi yo koupab
Ki santi yo trayi, bouke
Bouke bon pami pa bon
Bouke espere nan dezespwa
Bouke chèche nan dezòd
M konprann yo
Defile, m konprann ou.
Lola
]]>Viv pou tèt li
Viv pou l pa regrèt
Viv pou l la twò ta
Li deside avanse
Avanse malgre ensètitid
Avanse nenpòt jan sa ta ye
Avanse pou l wè sa demen pote
Li deside viv
Viv
San ou
Lwen ou
Li deside viv pou li
Lipa
]]>Tout ti enpèfeksyon w
Tout ti defo w
Tout ti kalite w .
Tout sa w rayi nan ou
Bay yon imaj de yon moun ki pase
Men ki pa p dekouraje
Yon moun ki deside kite ti flanm lespwa ki nan kè li a limen
Poukisa ?
Pou ede moun k ap gade l la kontinye
Pou l pa lage sa menm si chimen an ta tou nwa devan je l.
CHOUCKET
]]>